vendredi 17 septembre 2010

Nou gen pwoblèm

Nou nan sezon kote la pli ak gwo van toujou ap paweze,men sityasyon moun kap viv nan kan deplase yo rete menman paryèman oubyen yo vinn pi mal. Pa gen abri solid ki ka pwoteje deplase yo lè gen la pli ak gwo van.Fanm ansent rive akouche nan move siyayasyon sa yo,nou pa menm bezwen di ke timoun sa yo kapab trape tout kalte maladi,kibonk yon timoun ki fèt nan yon kan epi ki rive viv nan move kondisyon lijèn sa yo se yon aza paske tout kondisyon ranpli pou yo ta mouri bridsoukou apre yo fin wè jou.

lundi 6 septembre 2010

SAINT FLEUR Johnny

Mwen di GROUPE MEDIALTERNATIF ansanm ak lot patnè li yo pou gwo program sa li met nan ki se TELESANT MOBIL
lè mwen te vin premye fwa nan program nan mwen pat konn anyen men gras ak de animate yo ki se HARRY JEAN e DAVILMAR CHARLEMAGNE mwen kapab a tape cv mwen kounye fè yon kat de vizit kat mariaj, poum pi klè mwe kapab travay sou MICROSOFT WORD 2003
epi mwen ka pab al sou entènèt 
Avan mwen pat gen email kounye a mwen genyen e mwen ka fe rechèch
Mwen ta renmen pou program sa a kontinye paske se yon bel pwojè ki ede nou nan kan an
MESI