vendredi 17 septembre 2010

Nou gen pwoblèm

Nou nan sezon kote la pli ak gwo van toujou ap paweze,men sityasyon moun kap viv nan kan deplase yo rete menman paryèman oubyen yo vinn pi mal. Pa gen abri solid ki ka pwoteje deplase yo lè gen la pli ak gwo van.Fanm ansent rive akouche nan move siyayasyon sa yo,nou pa menm bezwen di ke timoun sa yo kapab trape tout kalte maladi,kibonk yon timoun ki fèt nan yon kan epi ki rive viv nan move kondisyon lijèn sa yo se yon aza paske tout kondisyon ranpli pou yo ta mouri bridsoukou apre yo fin wè jou.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire